Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

KAPOT LA PETE

Publié le par Primo Production

KAPOT LA PETE

kapòt la pete NO 10

Istwa sa ekri pa Primo.

Sponsor : Primo Production

Kantite epizòd 20

 Dimanch maten bajou gentan kase  li fè 6h pral nan 7h. 
Mwn ki  renmen zen , m pa fè lòt fòm pose m lage kay grann Célie poum konn sak kap pase .......


M rive m teke fren m anba galri ka Célie......

Tt moun t gentan leve pou yo prepare yo pou yo ale legliz...

Grann Célie toujou al legliz , men se yon fran katolik
Li pap rate ti mès li pou pyès moun, byen ke depil rive se dòmi 😀😀😃

Célie: Sonson, 

Emerson; plètil grann

Célie: al mare bèt yo, jodia m pap kite nan savann ln non..

Emerson: ok grann , ou t prepare rad pou mwen...

Célie : UI! fè rapid epi pran savon pou tt benyen , ale ak 2 galonn pou tt vini ak dlo....

Se konsa vre Son ale mare bèt yo ....
 Poum byen di nou , ti nonm ln trè seviyab (kondi granmoun lontan yo)

Célie antre nan kizin li lal fè kafe ....

Mendoza t gentan reveye men li pat ko leve...

Li pran tlf li lal sou WhatsApp...

Kay Primo menm tt moun t gentan fini pou yo ale legliz , koz culte ln 7h .....

Manman , ak tt papa Primo soti pou yo ale...

Julienne : ou menm jèn gason ou pako fini , sa ap deranje w si'w ale ak nou, apye ou prale 

Primo: man m pako manje nn, fok mwen mete yon kichoy nan vant mwen, 

Julienne : ebyen mwn ak papaw devan , wa dim sou kisa ou prale oubyen si se sou 2 pyew.
De tt fason wa pran Taxi.

Primo: ok mère, map call zanmi m ln , lp pase pranm

Primo t gentan fin prepare li.. lal nan frigo ah li pran bagay poul manje ..

Pandan li sou tab ln li call Datch

Tlf Datch sone

Datch: Bro sak pase ?

Primo : m pozem ui bro
Tande non pase pranm non  , wa lagem legliz ln SVP..

Datch; pa gen pwoblèm nn, map fè sa koz m tap pase chèche mennaj mwen pou nou ale legliz...

Primo: ebyen ok, map tann ou..

Datch tt sone Saumarah..

Saumarah: My baby mwn fini ui map tann ou...


Primo t fin manje li chita lp tann Datch....

Kay Francia menm tt bagay t ok , moun sa yo gentan deplase pou yal legliz....

Kay Célie tt bagay t fin fèt , e moun yo prepare yo pou legliz.....

Datch deplase li pase pran moun pou yo ale legliz....

Tt moun sa yo deside al di Bondye mèsi ....
genyen menm se planifikasyon yap fè pou yo al enjoy yo 
lavi sa hmmmm....


Li t anvi 9h Am

Jerry pran TLF li poul rele yon ti Fanm ki rele Angela poul planifye ak li pou yon pisin lp fe

Jerry : sa fè yon bon tan ui m pa pale ak fanm sa bann call li pito...

TLF ln sone📞📞📞📞📞

Angela: Bonswa, ou resi sonjem, 
Kòman nou fè konsa nou menm gason..

Jerry : sa gason genyen 

Angela: tanpri ui.....

Jerry : sa wap fè pita?

Angela : anyen m pap fè..

Jerry: ebyen pita map pase chèche w pou nou ka fè yon sòti......

Jerry gen yon lis fanm depi li di yo soti , yo pap refize, ala bagay se lè ou gen kòb..


Christopher ak James t gentan met mennaj yo okouran pou pisin ln ..
Medam yo t asepte....

Li fè 10 h tt moun t gentan sot legliz...

Primo rive lakay li, li retire chemiz lan sou li ,li pran TLF li poul rele Mendoza...

Primo: Ouff fok m pale ak li pi souvan oui,

Vrèman vre Primo rele Mendoza


Mendoza: Alo bonjou! 

Primo: bonjou Za kijan ou ye 

Mendoza : mwen bien e u? 

Primo : mw très bien love..

Mendoza: m ka poze yon kesyon?..

Primo: oui baby

Mendoza: depi lè ou t fin kouche san fanmi an ou t dim rantre lakay mwen an li pako lè pou dim anyen tt....

Primo: baby mwn pre a tt pou tt sa kap rive yo, mwen vle konen ke mwen renmen w..

Mendoza: mèsi pou lanmou an, ou wè sim t konn bagay ...... M tap few peye sa , kòm se kouche ou t bezwen kouchem epi ou vire dow ...

Primo: non cheri pa di sa, très byento map rantre, nap wè pou nou pale...

Mendoza: se pa mwen wap wè ah , epi tt m pa paup..

Primo ki kote w ye

Mendoza: babay mesye......

Jiska prezan Mendoza ap takle Primo di..


Mendoza tal kote grann li poul mandel ki manje lap fè....


Francia ki sot legliz...
Li mete lòt rad sou li pou lal prepare manje ..kòm dabitid bòn lan pa vini lè dimanch..
Se li ak pitit li ki konn fè manje ah...

Francia : Hantz vinim pale w svp...

Hant: men mwn ui..

Francia ; jodia wap fè manje a ak mwen ui

Hantz: ebyen ok, pou m vin fèl fok ou ta rete ak Culotte sèlman pou manje ah ka fèt pi rapid..

Francia : mèsi papa ou mèt rete 😀😀😀
Moun sa yo ini yo byen ui
...


Lakay Primo menm..

Julienne gen yon zanmi ki pase wèl 
Li chita lap pale ak li...

Papa Primo sot nan chanm li lal frape pòt Primo ah.

Primo : rantre!

Papa Primo: parèt tèt li, m bezwen w vin kote' m talè konsa 
Map tann manman w fin pale....


Primo : ok Pa...

Tèt Primo cho kou vè lanp.
Kèt mesye, se sam rayi ak granmoun sa ui, li pa janm bliye......

Mendoza: Grann ki manje wap fè jodia 

Célie: yon ti diri kole ak pwason map fè pou u ui.....paske demen map mennen ou ale ,ou paka pèdi yon pakèt jou lekòl....

Mendoza: ok grann , banm mèt pwa nan dife pou ou non ....

Célie: se yon pwa vèt li ye .... Bann tann Celia lap pote pwason an , ou mèt al fè travay nan kay lan pou mwen map fè manje ah...

Mendoza : ok grann....


Zanmi Julienne lan ale , Julienne antre nan chanm li ....

Papa Primo : m bezwen ui, tt rele pitit ou an pou mwen......


Julienne : Jen gason Papa w...

Primo : Ok mère..

Primo leve lal jwen granmoun yo........


A suivre......


*Enfòmasyon*

Pou tt moun kap li ti istwa sa m gen yon avantaj m pote pou nou....

Privem sou nimewo sa 
43642887..

Kisa avantaj lan ye?


M kreye yon mwayen kòt moun lan chita lakay li , li fè TLF li bal lajan...

Lap gen poul fè piblisite pou mwen, map peye li sou chak sa li vann....


Lis pwodwi...


Vann 3 Minoxidil tropical USP pou 270$ ht nap fè 50$

Vann yon kit Minoval 9 pwodwi pou 500$ benefisye 50$

Kit 10,11,12 pwodwi Minoval  nap fè 50$

Vann yon kès Minoxidil nap fè 200$.....

Mèsi paske nou pran yon ti tan pou nou li ti istwa ansanm ak mwen....

Commenter cet article