Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Kòman ou kapab fè siksè nan lavi'w e reyalize pwojè'w

Publié le par Primo Production

Kòman ou kapab fè siksè nan lavi'w e reyalize pwojè'w

*kòman ou kapab fè siksè nan la vi'w e reyalize pwojè'w*

Etap # 1

Ou gen pou'w rive nan yon moman kote tout moun pral gen bezwen'w paske ou kapab sastifè yo nan kek bagay"ou se yon pleziyis depi se moun ki adapte yo ak plezi yo tout pral gen bezwen'w men tout sa yo pa dure pi lontan"menm gwoup moun sa yo ki tap ankouraje'w nan banbòch se menm yo menm ki pral raple'w men nan ki nivo w te ye jounen jodi a men sak rive'w"yo, menmsi yo ta nan yon pozisyon pou yo ta edew yo pap edew" yo pap gen bezwen'w ankò. non'w pap janm site nan bouch yo....

Etap #2

*nan moman rejwisans ou pa pwofite'l ak zanmi"paske jounèlman ou ta tonbe nan mizè ou pap jwenn pèsonn pou ede'w*

Pataje nan saw genyen ak sila yo ki pi fèb bay moun ki paka remèt ou yon fason pou bondye ka toujou beni'w 

Etap #3

*evitew de tout moun kap vin mandew prete pa kite santiman'w gide w"paske chimen siksè pa gen santiman se karaktè pou'w genyen gen moun kap vin mande'w prete se detounen yap chache mwayen pou detounen'w*

Don't trust anyone😎

Etap #4

*bouche zòrèy ou paske wap jwenn anpil moun ki pral pale mal de wou ak lòt zanmi"paske lèw vle atenn siksèw gen anpil bagay ou pral ekatew de yo"pa ekzanp ou pap anvi kwit bon manje lakay ou chak jou"pafwa ou pral objije viv manfouben an bon kreyòl paske ou pat leve jwenn paran'w kite travay pou ou"ou se pitit sòyèt fòw riskew anpil pouw reyisi la vi'w wap travèse anpil rivyè pandan ou pa menm konn naje*

Bagay yo pap osi dous pou ou✍
 *Etap #5*

*pa doute de sa wap fè a"pa chache mande moun konsèy yon fason pou yo pa dekouraje'w"ou gen yon seul bagay kew dwe fè se adrese'w ak bondye ki domine tout mond lan"la nati koube byen ba devan gwo otorite sa"ou gen pou'w chwazi fè tèt ou konfyans ak Nonm anlè a ki pa janm bay fo pwomès*

👉Rien de plus

 

Primo l'homme Succès.

 

 

 

 

 

Commenter cet article